Cover image for Telechaje Mwen Bouke

Telechaje Mwen Bouke

"Mwen Bouke," yon kolaborasyon avèk Wisman Homie, disponib kounya sou Youtube ak tout platfòm streaming. Aprann plis de mizik la e telechaje li nan atik sa a.

Istwa Dèyè Mizik La

"Mwen Bouke" se yon lide m te genyen depi desanm 2022 pou platfòm Vilamar Records la. Okòmansman, m te vle bay yon lòt moun chante'l. M te santi yon vwa fanm t'ap fè mizik la pi byen, e m te menm planifye pou m te mete yon rapè an kolaborasyon avè'l.

Mwen pat ekri mizik sa a pou mwen. Nan mwa Me 2023, m te kreye beat la epi anrejistre yon demonstrasyon. Vwa m te pi wo nan demo a pase jan li ye nan vèsyon ofisyèl la, paske m te fè'l pou yon fi te ka chante'l.

Chanjman Direksyon

Apre yon ti tan, m te vin reyalize ke li difisil pou yon lòt moun entèprete yon mizik mwen ekri egzakteman jan m vle a. Mwen te vin deside kenbe pwojè a pou tèt mwen. Pou sa, m te oblije desann tonalite a pou'm te ka alèz pou chante'l.

Malgre ke rezilta final la pa egzakteman sa m te imajine okòmansman, sitou ak tonalite a, m te prefere chante'l mwen menm. Li souvan difisil pou lòt atis kaptire tout ti detay ak stil ke mwen mete nan mizik mwen yo.

Kolaborasyon ak Dènye Touch

Pou kolaborasyon an, m te chwazi Wisman, yon ansyen zanmi'm, kondisip mwen, e yon rapè ki soti nan menm vil avè'm. Daprè kritik moun mwen te fè tande mizik la anvan li te soti, tout moun te felisite Wisman e te konfime ke li te yon bon chwa pou pwojè a.

Nan dènye minit, m te ajoute vyolon ak saksofòn. Sepandan, m te santi vyolon an te vin fè mizik la twò chaje, paske li te gentan gen anpil enstriman. Mwen te deside desann volim vyolon an anpil nan mix final la.

Yon Pwojè Pèsonèl

"Mwen Bouke" se youn nan pi bèl pwojè mwen reyalize. Se yon pwojè ki pale de fristrasyon mwen, e li trè pèsonèl. Mwen te lage'l kòm yon "single" le 18 Novanm 2024, plis pase yon ane anvan albòm nan.

Koute & Telechaje

Disponib sou gwo platfòm yo.

Telechaje Mwen Bouke cover

Telechaje Mwen Bouke

Shilderic feat. Wisman Homie

Single

0:00
0:00